71 Chapit 71 : MEDI, KON,

 

MEDI.

Moun peyi Medi yo se desandan Madayi yo, pitit gason Jafèt, e yo te vin abite nan mòn ki nan peyi Iran yo, zòn ki te vin rele peyi Medi. Moun peyi Medi yo te met ansanm ak moun Babilòn yo pou yo te pot laviktwa sou peyi Asiri. Nan moman sa a, peyi Pès te yon pwovens ki te anba kontwòl peyi Medi. Men, Siris te vin revòlte e peyi Medi te vin fè yon sèl ak peyi Pès, se konsa yo te vin tounen Anpi Medi ak Pès ki te pot laviktwa sou Babilòn nan ane 539 anv. e. n. Te gen moun peyi Medi ki te nan Jerizalèm pandan Pannkòt ane 33 e. n. (Danyel 5:28, 31; Travay Apot yo:9).

 

MEDI

 

 

 

Kòn.

Li fè referans ak kòn bèt yo te konn itilize pou bwè, pou met luil, pou met lank ak pwodui bote, e yo te konn sèvi avè l kòm enstriman mizik ak enstriman pou bay siyal (1Samyel 16:1, 13; 1Wa 1:39). Byen souvan, yo itilize “kòn” nan yon sans senbolik e li gen sans fòs, viktwa ak pran yo pran yon peyi. — Detewonom 33:17; Miche 4:13; Zakari 1:19.

 

KON

GWO MOUCHWA.

Se yon twal moun yo te konn itilize pou yo mare tèt yo oubyen pou yo met sou tèt yo. Gran prèt la te konn gen yon gwo mouchwa nan tèt li ki te fèt ak yon twal len bon kalite, epi yo te mete yon plak annò ki te mare ak yon kòd ble sou devan mouchwa ki te vlope tèt li a. Wa a te konn mete yon gwo mouchwa anba kouwòn ki te nan tèt li a. Jòb te sèvi ak ekspresyon sa a nan sans figire lè l t ap konpare jistis li ak yon gwo mouchwa. — Egzod 28:36, 37; Job 29:14; Ezekyel 21:26.

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre