9 CHAPIT 9 : SINAGOG, SIKONSIZYON, SEMAN

Sinagòg.

Sinagog se yon mo ki vle di: “yon rasanbleman; yon asanble”. Sepandan, nan pifò vèsè, li gen rapò ak kay oswa kote Juif yo te konn reyini pou yo li Ekriti yo, pou yo jwenn enstriksyon, pou yo preche epi pou yo priye. Nan epòk Jezi a, chak vil enpòtan ann Izrayèl te gen yon sinagòg epi te gen plizyè sinagog nan pi gwo vil yo. — Luk 4:16; Travay Apot yo:14, 15

 

SINAGOG

SIKONSIZYON.

Sikonsizyon se lè yo retire pwent po pijon gason an. Se yon bagay Bondye te egzije pou Abraram ak desandan l yo fè, men, kretyen yo pat oblije fè sa. Yo itilize mo sa a nan yon sans senbolik tou, nan plizyè lòt kontèks. — Jenez 17:10; 1Korentyen 7:19; Filipyen 3:3.

 

SIKONSIZYON

SEMAN.

Yon sèman se yon deklarasyon ki bay asirans yon bagay se laverite, oswa se yon pwomès ki montre yon moun ap fè yon bagay oswa l pap fè l. Byen souvan, se yon ve yon moun fè yon moun ki nan yon gwo pozisyon, espesyalman Bondye. Bondye te fè yon sèman pou l te bay alyans ak Abraram nan plis jarèt. — Jenez 14:22; Ebre 6:16, 17.

 

SEMAN

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre