10 Chapit 10 : SEN, SAKRE, TRIBU IZRAYEL, SEK

SEN. SAKRE.

Se Yon kalite Bondye genyen, yon bagay ki pwòp nèt nan domèn moral e ki apa pou Bondye (Egzod 28:36; 1Samyel 2:2; Pwoveb 9:10; Izayi 6:3). Lè y ap pale de moun (Egzod 19:6; 2Wa 4:9), bèt (Nonb 18:17), bagay (Egzod 28:38; 30:25; Levitik 27:14), kote (Egzod 3:5; Izayi 27:13), epòk (Egzod 16:23; Levitik 25:12) ak aktivite moun mennen (Egzod 36:4), mo ebre orijinal la gen sans yon bagay ki apa pou sèvis Bondye, ki pou Bondye sèlman oswa yon bagay yo fè vin sen pou Bondye ki se yon Bondye ki sen. Yo sèvi ak mo sa a tou pou yo pale de yon moun ki gen yon konduit ki pwòp. — Mak 6:20; 2Korentyen 7:1; 1Pye 1:15, 16.

 

SEN, SAKRE

 

JOZYE PATAJE PEYI KANAAN ANT 12 TRIBU PEYI IZRAYEL YO

 

12 TRIBU IZRAYEL YO

 

Sèk (SECTES)

Sek se yon gwoup moun k ap suiv yon doktrin oswa yon moun, oswa k ap suiv pwòp kwayans pa yo. Yo te sèvi ak mo sa a pou yo pale de de gwo gwoup nan relijyon Jidayis la, anpalan de Farizyen yo ak Sadiseyen yo. Epitou, moun ki pa t kretyen te konn rele relijyon moun ki kretyen yo “sèk” oswa “sèk moun Nazarèt yo”, petèt paske yo te konsidere yo kòm yon gwoup ki soti nan relijyon Jidayis la. Rive yon lè, gen sèk ki te vin fòme anndan kominote kretyen an, tankou “sèk Nikola a”, yo pale de li nan liv Apokalips an. — Travay Apot yo:5; 28:22; Apokalips 2:6.

 

SEK (SECTES) JWIF YO

 

SAMARITEN

Okòmansman, yo te konn itilize non sa a pou yo pale de Izrayelit ki te nan wayòm dis tribi ki te nan nò a, men apre Asiryen yo te fin pran Samari nan ane 740 anvan Jezu te fet, gen moun lòt nasyon Asiryen yo te fè vin abite pami yo. Nan epòk Jezi a, olye yo te itilize non sa a pou yo pale de yon ras oswa de zafè politik, an jeneral, yo te itilize l pou yo pale de moun ki t ap suiv ti gwoup relijye ki te ozalantou ansyen vil Sichèm ak vil Samari a. Gwoup sa a t ap suiv yon seri kwayans ki te diferan nèt ak kwayans relijyon Jidayis la. — Jan 8:48.

SAMARITEN

 

SAMARI.

Samari se te kapital wayòm dis tribi Izrayèl ki te nan nò a pandan anviwon 200 an, e se te non tout tèritwa wayòm sa a. Yo te bati vil la sou tèt yon mòn ki gen menm non an. Nan epòk Jezi a, Samari se te non yon tèritwa women ki te ant Galile nan direksyon nò ak Jide nan direksyon sid. An jeneral, Jezi pa t vle preche nan zòn sa a lè l ap vwayaje, men, pafwa, li te konn pase nan zòn nan epi l te konn pale ak moun yo. Samariten yo te resevwa lespri sen an (1Wa 16:24; Jan 4:7; Travay Apot yo:14).

 

SAMARI

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre