13 Chapit 13 : RANSON, GRANPRET, PRET

RANSON.

Ranson se yon pri yo peye pou libere yon moun nan prizon, pou libere yon moun anba yon pinisyon, yon soufrans, yon peche oswa menm yon obligasyon. Pri sa a se pa t toujou lajan (Izayi 43:3). Yo te konn egzije yon ranson nan diferan sitiyasyon. Pa egzanp, ann Izrayèl, tout premye pitit gason ak tout premye pitit yon bèt te fè ki te yon mal te pou Bondye, donk li te nesesè pou yo peye yon ranson oswa yon pri pou libere yo anba obligasyon pou yo itilize yo sèlman nan sèvis Bondye (Nonb 3:45, 46; 18:15, 16). Si yon towo bèf ki mechan te touye yon moun paske yo pa t siveye l, mèt bèf la te dwe peye yon ranson yon fason pou l ka libere anba santans lanmò ki te pandye sou tèt li a (Egzod 21:29, 30). Sepandan, yo pa t dwe aksepte okenn ranson pou yon moun ki fè espre li touye yon moun (Nonb 35:31). Sa k pi enpòtan an, Bib la met aksan sou ranson Kris te peye grasa sakrifis lanmò l la pou l libere moun ki obeyisan yo anba peche ak lanmò. — Samyel 49:7, 8; Matye 20:28; Efezyen 1:7.

 

RANSON

GRANPRET.

Prèt an chèf. Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, se yon lòt fason yo te rele “gran prèt” la. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo itilize ekspresyon “prèt an chèf yo” pou pale de mesye ki te okipe gwo pozisyon pami prèt yo, petèt sa te gen ladan l kèlkeswa ansyen gran prèt ak prèt ki te alatèt youn nan 24 gwoup prèt yo. — 2 Kwonik 26:20; Esdras 7:5; Matye 2:4; Mak 8:31.

 

GRANPRET

 

PRET.

Pret se yon gason Bondye chwazi ki reprezante l devan pèp la, li anseye lwa Bondye yo e li aprann moun konnen Bondye. Prèt yo te reprezante pèp la devan Bondye tou, yo te konn ofri sakrifis, yo te kanpe pou pèp la e yo te konn mande favè pou pèp la. Anvan Bondye te bay Lalwa pa mwayen Moyiz, se chèf fanmi yo ki te prèt pou fanmi yo. Sou Lalwa, nan tribi Levi a, tout gason ki te prèt yo te sot nan fanmi Arawon. Lòt gason ki te Levit yo te konn ede yo nan sèvis la. Lè te vin gen nouvo alyans lan, Izrayèl espirityèl la te vin tounen yon nasyon prèt, e se Jezi Kri ki Gran Prèt la. — Egzod 28:41; Ebre 9:24; Apokalips 5:10.

 

PRET

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre