14 Chapit 14 : PRES DIVEN, PREMYE PITIT, PREMYE DANRE, PREMYE FWI

PRES DIVEN.

An jeneral, se 2 gwo twou (basen) yo fouye nan wòch kalkè, e youn nan basen yo te nan yon nivo ki pi wo pase lòt la, men, te gen yon ti kanal ki relye yo youn ak lòt. Lè yo fin kraze rezen yo nan basen ki nan nivo ki pi wo a, ji rezen an koule al nan lòt la. Yo itilize près diven yon fason senbolik pou yo pale de jijman Bondye yo. — Izayi 63:2; Apokalips 19:15.

PRESS DIVEN (PRESSOIR)
PRES DIVEN (PRESSOIR)

 

PREMYE PITIT.

Se te premye pitit gason yon papa te genyen (olye de premye pitit yon manman). Nan Bib la, premye pitit gason an te gen yon gwo pozisyon nan fanmi an e se li ki te vin chèf fanmi an lè papa l mouri. Ekspresyon sa a gen rapò tou ak premye pitit mal yon bèt fè, pafwa yo rele yo tou “premye mal ki sot nan vant bèt”. — Egzod 11:5; 13:12; Jenez 25:33.

 

PREMYE PITIT

 

PREMYE DANRE. PREMYE FWI.

Se premye pwodui yo rekòlte lè y ap fè rekòt oswa premye sa yo jwenn nan kèlkeswa sa yo te plante a. Bondye te mande nasyon Izrayèl la pou yo ofri l premye fwi yo, kit se te yon moun, yon bèt oswa sa ki sot nan tè a. Antanke nasyon, Izrayelit yo te konn ofri Bondye premye danre yo nan fèt Pen san ledven an ak nan fèt Pannkòt la. Nan yon sans senbolik, yo te konn sèvi ak ekspresyon “premye fwi” a pou pale de Kris ansanm ak disip li yo Bondye chwazi pou al nan syèl. — 1Korentyen 16:15; Levitik 2:12; Pwoveb 3:9; Apokalips 4.

 

PREMYE DANRE.
PREMYE FWI

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre