15 Chapit 15 : AREYOPAJ, APOSTAZI, AKAYI

AREYOPAJ.

Se te yon ti mòn nan vil Atèn ki te nan nòdwès Akwopòl. Se konsa tou yo te rele pi gwo tribinal ki te konn reyini kote sa a. Gen kèk filozòf ki t ap suiv ansèyman Epiki yo ak ansèyman Zenon yo ki te mennen Pòl nan Areyopaj la pou l pale de kwayans li. — Travay Apot yo chapit 19.

 

AREYOPAJ

APOSTAZI.

Nan lang grèk la, mo sa a (apostazya) soti nan yon vèb. Yon fason literal, li vle di: “rete lwen”. Non an gen sans: “kite, abandone oswa rebelyon”. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo itilize mo “apostazi” a sitou pou yo pale de moun ki kite vrè adorasyon an. — Pwoveb 11:9; 2 Tesalonisyen 2:3

 

APOSTAZI

 

AKAYI.

Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se te yon pwovens Women yo te genyen ki te nan sid peyi Lagrès, ki te gen vil Korent kòm kapital. Akayi te gen ladan l tou Peloponèz ak pati santral tèritwa peyi Lagrès (Travay Apot yo chapit 12).

 

AKAYI (ACHAIE)

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre