Labib se pawòl Bondye te fè ekri pou l kominike ak nou chak. Nou dwe etidye Labib pou nou ka aprann konnen Sila a ki te fè ekri l la . Se anndan Bib la Bondye fè konnen objektif li gen pou lèzòm e pou latè, kote yo abite a. —

Pa gen okenn lòt liv ki gen gwo enfliyans sou lavi moun menm jan ak Bib la. Labib ankouraje nou pou nou chèche gen yon seri bèl kalite Bondye genyen tankou lanmou, mizèrikòd ak konpasyon. Li bay espwa e li ede moun andire soufrans ki pi rèd ki te ka egziste. Mete sou sa, grasa Labib, nou rive konnen ki bagay ki gen nan monn nan ki depaman ak volonte Bondye, yon volonte ki pafè. —

Lè Bondye te fèk fè ekri Bib la, yo te ekri l nan lang ebre, nan lang arameyen ak nan lang grèk. Apre sa, yo vin tradui tout Bib la oswa yon pati ladan l nan anviwon 3 000 lang. Depi monn nan egziste, Labib se liv yo plis tradui e yo plis distribye.

LABIB SE YON LIV ESPESYAL

LABIB SE LIV KI PI ENPOTAN SOU LATE. SE LIV YO ACHTE PI PLIS. SE LIV YO TRADWI PI PLIS NAN PRESKE TOUT LANG KI SOU LATE. LABIB SE YON LIV SAKRE. LABIB SE PAWOL BONDYE.

LABIB TE EKRI NAN 3 LANG : EBRE, ARAMEYEN AK GREK.

GEN PLIS PASE 40 MOUN KI TE EKRI LABIB LA. GENYEN NOU KON NON YO. GEN ANPIL LOT NOU PA KONNEN NON YO.

YO TE PRAN PLIS PASE 1400 LANE ANVAN YO TE FEN EKRI TOUT LIV LABIB YO. LABIB LA DIVIZE AN 2 GWO PATI :ANSYEN KONTRA AK NOUVO KONTRA.

LABIB SE YON BIBLIYOTEK. LI GEN 73 LIV ANTOU. PREMYE PATI LABIB LA GEN 46 LIV. DEZYEM PATI A GEN 27 LIV.

LABIB LA GEN 35.000 VESE YO TE EKRI LABIB LA SOU WOCH, SOU PAPIRUS, SOU PO BET, SOU MOSO KRICH YO RELE OSTRAKA.