19 chapitre 19 : PWOVEB, PWOP, PYEBWA KONMESANS

Pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal.

Yon pyebwa ki nan jaden Edenn nan Bondye te itilize kòm senbòl pou reprezante dwa li genyen pou l etabli prensip sou “sa ki byen” ak “sa ki mal” pou lèzòm. — Jenez 2:9, 17.

 

PYEBWA KONESANS BYEN AK MAL LA

PWOVEB.

Se yon pawòl sajès oswa yon istwa tou kout ki gen yon leson oswa yon gwo verite ladan l. Yon pwovèb biblik kapab yon pawòl ki difisil pou moun konprann oswa yon devinèt. Verite ki nan yon pwovèb kapab nan yon langaj ki vivan, e byen souvan se yon metafò. Gen kèk pwovèb ki vin tounen pawòl moun abitye di pou pase moun nan jwèt oswa pou rabese kèk moun. — Eklezyas 12:9; 2 Pye 2:22.

 

PWOVEB

Pwòp.

Nan Bib la, yo itilize mo sa a nonsèlman pou yo pale de pwòpte nan domèn fizik, men tou, pou yo pale de rete san repwòch, san okenn tach, e san salte nan domèn moral ak nan domèn espirityèl. Mete sou sa, mo sa a fè referans tou ak retounen vin nan kondisyon nou pale de yo pi wo a. Sou Lwa Moyiz la, mo sa a te gen rapò ap pwòpte anrapò ak adorasyon y ap bay Bondye. — Levitik 10:10; Samyel 51:7; Luk 11:41; 1Korentyen 6:11.

 

PWOP

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre