26 Chapitre 26 : MON LIBAN YO, SANTINEL, DAGON

MON LIBAN YO.

Se youn nan de ranje mòn ki fòme chèn montay ki nan peyi Liban an. mòn Liban yo nan lwès, e mòn Antiliban yo nan lès. Gen yon vale ki long e ki bay anpil manje ki separe de ranje mòn sa yo. Ranje Mòn Liban yo monte soti depi zòn ki bò lanmè Meditèrane a, e yo rive jiska 1 800 ak 2 100 m (6 000 ak 7 000 pye) wotè. Nan tan lontan, peyi Liban te chaje ak gwo pyebwa sèd, yon pyebwa nasyon ozalantou peyi Liban yo te bay anpil valè (Detewonom 1:7; Samyel 29:6; 92:12).

 

MON LIBAN YO

 

Gad k ap veye; Moun k ap veye (SANTINEL).

Se yon moun k ap siveye pou l wè si pa gen okenn danje ki menase yon gwoup moun oswa byen moun yo posede. An jeneral, se pandan lannuit li fè travay sa a, e li kapab chèche avèti moun yo si li wè yon danje. Byen souvan, moun k ap veye yo konn rete sou tèt mi vil yo oswa nan fò yo pou yo ka wè moun k ap vini yo anvan yo gentan rive toupre. Nan zafè militè, an jeneral, yo rele moun k ap veye yo gad oswa santinèl. Nan yon sans senbolik, pwofèt yo te sèvi kòm moun k ap veye pou nasyon Izrayèl la lè yo te avèti yo konsènan destriksyon ki t apral rive sou yo. — 2Wa 9:17; Ezekyel 3:17.

 

SANTINEL

 

DAGON.

Se yon zidol peyi Filisti. Yo pa fin sèten ki rasin mo sa a, men gen kèk biblis ki panse li gen rapò ak mo ebre dag la (pwason). Le Filisten yo te kapture Bwat Kontra nan men Izrayel pandan yon batay epi yo mete l devan estatu Dagon, Bwat Kontra Granmet la jete estatu lwa Dagon ate. Li kase l an plizye moso ! — Jij 16:23; 1Samyel 5:4.

 

DAGON

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre