27 Chapit 27 : MOUN LIB, VIZYONE, MEDI

MOUN LIB.MOUN KI VEN LIB.

MOUN LIB. MOUN KI LIB.

Pandan dominasyon women an, yon “moun lib” se te yon moun ki te fèt tou lib e l te gen tout dwa yon sitwayen women te genyen. Alòske, yon “moun ki vin lib” se te yon moun ki pa t esklav ankò. Yon moun ki te vin lib yon fason legal te vin sitwayen women, men l pa t ka gen okenn pòs nan gouvènman an. Yon moun ki te vin lib yon fason ki pa legal pa t esklav ankò men l pa t gen menm dwa ak sitwayen yo. — 1Korentyen 7:22.

 

MOUN KI KON FE VIZYON.

Se moun Bondye bay pèmisyon pou l rive konprann volonte Bondye, yon moun ki ka wè oswa ki ka konprann yon seri bagay pifò moun pa ka wè oswa konprann. Mo ebre a soti nan yon mo ki vle di: “wè”, kit se nan sans literal, kit se nan sans senbolik. Lòt moun te konn al kot moun ki konn fè vizyon pou yo jwenn konsèy ki saj sou kèk pwoblèm yo rankontre. — 1Samyel 9:9.

 

MEDI

 

MEDI.

Moun peyi Medi yo se desandan Madayi yo, pitit gason Jafèt, e yo te vin abite nan mòn ki nan peyi Iran yo, zòn ki te vin rele peyi Medi. Moun peyi Medi yo te met ansanm ak moun Babilòn yo pou yo te pot laviktwa sou peyi Asiri. Nan moman sa a, peyi Pès te yon pwovens ki te anba kontwòl peyi Medi. Men, Siris te vin revòlte e peyi Medi te vin fè yon sèl ak peyi Pès, se konsa yo te vin tounen Anpi Medi ak Pès ki te pot laviktwa sou Babilòn nan ane 539 anv. e. n. Te gen moun peyi Medi ki te nan Jerizalèm pandan Pannkòt ane 33 e. n. (Danyel

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre