38 Chapit 38 : ALFA AK OMEGA, AMEN, DEKAPOL

ALFA ak OMEGA.

Se non premye ak dènye lèt nan alfabè grèk la. Yo sèvi ak ekspresyon sa a twa fwa nan liv Apokalips an kòm yon Tit pou pale de Bondye. Nan kontèks sa yo, ekspresyon sa a vle di menm bagay ak “premye a ak dènye a” oswa “kòmansman an ak finisman an”. — Apokalips 1:8; 21:6; 22:13.

ALFA AK OMEGA

 

Amèn. “Se konsa pou sa ye”, oswa “se sèten”. Mo sa a soti nan mo ebre AMANN, ki vle di: “Ki fidèl, ki merite pou yo fè l konfyans.” Yo konn di “amèn” pou montre yo dakò ak yon sèman, yon priyè oswa ak yon pawòl. Nan liv Apokalips nan, yo sèvi avè l kòm yon Tit pou Jezu. — Detewonom 27:26; 1 Kwonik 16:36; Apokalips 3:14.

 

AMEN

 

Dekapòl.

Se yon gwoup vil grèk okòmansman ki te gen dis vil antou (mo sa a soti nan mo grèk deka ki vle di: “dis”, ak mo grèk polis ki vle di: “vil”). Mete sou sa, se te non zòn ki te sou bò lès Lanmè Galile ak Rivyè Jouden kote pifò nan vil sa yo te ye. Nan zòn sa a, kilti grèk la te gen gwo enfliyans e moun yo te konn fè komès. Jezi te pase nan zòn sa a, men pa gen okenn bagay ki ekri ki montre li te vizite menm youn nan vil sa yo (Matye 4:25; Mak 5:20).

 

DEKAPOL

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre