39 Chapit 39 : LADIM, EWOD, ALBAT

Dizyèm (LADIM).

Ladim se yon dizyèm, oswa 10 pousan, nan sa Izrayelit yo te konn peye kòm enpo, espesyalman nan domèn relijye (Malaki 3:10; Detewonom 26:12; Matye 23:23). Nan epòk Lwa Moyiz la, chak ane, moun yo te konn bay Levit yo yon dizyèm nan sa yo te rekòlte ak yon dizyèm nan kantite mouton ak lòt bèt yo te vin genyen pou yo ede yo nan travay yo. Levit yo yo menm tou te bay mesye ki te prèt yo, ki soti nan fanmi Arawon, yon dizyèm nan dizyèm yo te resevwa yo pou ede yo fè travay yo. Mete sou sa, moun yo te konn bay dizyèm nan lòt bagay.

 

DIZYEM (LADIM)

 

Ewòd.

Se non yon fanmi Women yo te chwazi pou dirije Juif yo. Yo te konnen Ewòd Legran kòm moun ki te rebati tanp Jerizalèm nan e kòm moun ki te bay lòd pou yo masakre yon pakèt timoun pou l te ka touye Jezi (Matye 2:16; Luk 1:5). Yo te nome Ewòd AKELAYIS ak Ewòd ANTIPAS, 2 pitit Ewòd Legran, pou yo dirije kèk pati nan tèritwa papa yo t ap dirije a (Matye 2:22). Menmsi pifò moun te rele Antipas “wa”, li te yon chèf distri ki t ap gouvène pandan twazan edmi Kris te fè ap preche a rive jis nan epòk apot yo. Travay Apot yo chapit 12 pale de li. (Mak 6:14-17; Luk 3:1, 19, 20; 13:31, 32; 23:6-15; Travay Apot yo 4:27; 13:1). Annapre, Ewòd AGRIPA Ier, pitit pitit Ewòd LEGRAN, te fè yon ti tan tou kout ap dirije, paske gen yon zanj Bondye ki te touye l (Travay Apot yo 12:1-6, 18-23). Ewòd Agripa II, pitit Ewòd Agripa Ier, te vin ap dirije epi li kontinye dirije jis nan epòk Juif yo te leve kont Wòm nan. — Travay Apot yo 23:35; 25:13, 22-27; 26:1, 2, 19-32.

EWOD

ALBAT.

Albat se non yon seri ti boutèy pafen ki te fèt ak yon kalite wòch yo te jwenn toupre Alabastron nan peyi Ejip. An jeneral, kou boutèy sa yo te fen e yo te konn met yon bouchon ladan yo pou yo pa pèdi menm yon ti gout nan pafen sa a ki gen anpil valè. Yo te vin rele wòch yo te konn fè boutèy sa yo albat tou. — Mak 14:3.

ALBAT
                                            ALBAT

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre