43 Chapit 43 : KONDWIT DERESPEKTAN. KON, LAPEN

KONDWIT DERESPEKTAN.

Ekspresyon sa a soti nan mo grèk aseljeya ki vle di peche grav moun fè kont lwa Bondye yo ki montre yo pa gen respè pou lwa sa yo, yo awogan, e yo pa bay kesyon otorite, lwa ak prensip regle anyen pou yo. Yo pa itilize ekspresyon sa a lè yon moun fè yon peche ki pa grav. — Galat 5:19; 2 Pye 2:7

 

Kòn.

Li fè referans ak kòn bèt yo te konn itilize pou bwè, pou met luil, pou met lank ak pwodui bote, e yo te konn sèvi avè l kòm enstriman mizik ak enstriman pou bay siyal (1Samyel 16:1, 13; 1Wa 1:39). Byen souvan, yo itilize “kòn” nan yon sans senbolik e li gen sans fòs, viktwa ak pran yo pran yon peyi. — Detewonom 33:17; Miche 4:13; Zakari 1:19.

 

KON

LAPENN.

Se santiman tristès moun genyen akoz moun pa yo ki mouri, oswa akoz lòt malè ki rive. Nan tan biblik yo, moun yo te konn nan lapenn pou moun pa yo ki mouri pandan yon tan. Yo pa t konn kriye byen fò sèlman, men yo te konn met rad espesyal sou yo, yo te konn met sann sou tèt yo, yo te konn dechire rad yo e yo te konn bat lestomak yo. Pafwa, yo te konn peye moun pou vin rele nan antèman an. — Jenez 23:2; Este 4:3; Apokalips 21:4.

 

LAPEN

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre