45 Chapit 45 : EBRE, BANZA, BAG {SO)
EBRE.
Se yon mo yo te itilize pou premye fwa pou Abram (Abraram), yon fason pou yo te distenge l ak Amorit ki t ap viv ozalantou l yo. Annapre, yo te sèvi ak mo ebre a pou yo pale de desandan Abraram te vin genyen pa mwayen Jakòb, pitit pitit gason l, e se konsa tou yo te rele lang yo te pale a. Nan epòk Jezi a, lang ebre a te vin gen anpil ekspresyon arameyen ladan l e se lang sa a Kris ak disip li yo te pale. — Jenez 14:13; Egzod 5:3; Travay Apot yo 26:14.





Se yon kalite so yo te konn mete nan dwèt oswa nan yon kòd ki petèt te nan kou yon moun. Li te yon senbòl ki montre otorite yon dirijan oswa yon fonksyonè (Jenez 41:42).