48 Chapit 48 : PWOFESI, PWOFET, ONKSYON

PWOFESI.

Pwofesi se yon mesaj ki soti nan Bondye, kit se konnen Bondye fè konnen volonte l, kit se anonse li fè anonse volonte sa a. Yon pwofesi kapab yon ansèyman moral ki sot nan Bondye, yon kòmandman oswa yon jijman ki sot nan Bondye oswa yon deklarasyon ki anonse yon bagay ki gen pou vini. — Daniel 9:24; Matye 13:14; 2 Pye 1:20, 21.

 

PWOFESI

 

Pwofèt.

Pwofet se moun Bondye itilize pou fè konnen objektif li. Pwofèt yo te aji kòm pòtpawòl Bondye, nonsèlman yo te konn anonse sa k pral rive, men tou, yo te fè moun konn ansèyman Bondye a, kòmandman l yo ak jijman l yo. — Amos 3:7; 2 Pye 1:21

 

PWOFET

 

ONKSYON.

Premye sans mo ebre a genyen se “pase luil sou” oswa “vide luil sou”. Yo te konn pase luil sou yon moun oubyen sou yon bagay pou montre yo chwazi bagay sa a oswa moun sa a pou yon sèvis espesyal. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo sèvi ak mo sa a tou pou yo pale de vide Bondye vide lespri sen l sou moun li chwazi pou al viv nan syèl la. — Egzod 25:6; 28:41; 1Samyel 16:13; 2 Korentyen 1:21; 1Jan 2:20.

 

ONKSYON

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre