55 Chapit 55 : EKZIL, DAGON, CHERUBIM

EKZIL.

Se lè yo met yon moun deyò nan peyi l, e byen souvan se moun ki pran peyi a ki fè sa. Mo ebre a vle di: “pati kite”. Pandan 2 fwa, Izrayelit yo t al ann egzil an foul. Moun Asiri yo te mennen moun ki te nan wayòm dis tribi ki nan nò a ann egzil, e annapre, moun Babilòn yo te mennen moun ki te nan wayòm de tribi ki nan sid la ann egzil. Gen yon rès nan moun yo te mennen ann egzil yo ki te retounen nan peyi yo sou rèy Siris, yon dirijan peyi Pès. — 2Wa 17:6; 24:16; Esdras 6:21.

 

EKZIL

DAGON.
Se yon zidol peyi Filisti. Yo pa fin sèten ki rasin mo sa a, men gen kèk biblis ki panse li gen rapò ak mo ebre dag la (pwason). Le Filisten yo te kapture Bwat Kontra nan men Izrayel pandan yon batay epi yo mete l devan estatu Dagon, Bwat Kontra Granmet la jete estatu lwa Dagon ate. Li kase l an plizye moso ! — Jij 16:23;
DAGON

CHERUBIM

Se yon kalite zanj ki gen gwo pozisyon e ki gen responsablite espesyal. Yo pa menm ak serafen yo. Te gen 2 cherubim sou kouvetu Bwat Kontra (Arche d’Alliance) — Jenez 3:24; Egzod 25:20; Izayi 37:16; Ebre 9:5.

CHERUBIM

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre