63 Chapit 63 : POTO (KOLON), PLAK SAKRE, NAZIREYEN

POTO (KOLON).

Poto se yon sipò oswa yon kolòn ki byen dwat ki la pou soutni yon konstriksyon oswa se yon bagay ki sanble ak yon kolòn. Gen kèk poto yo te fè pou fè moun sonje yon gwo aksyon oswa yon gwo evènman ki te fèt. Yo te sèvi ak poto pou fè tanp lan ak konstriksyon wa Salomon te fè yo. Moun ki te konn adore fo dye yo te fè poto sakre ki gen rapò ak fo relijyon, e rive yon lè, Izrayelit yo te vin ap fè menm jan an (Juj 16:29; 1 Wa 7:21; 14:23

 

PLAK SAKRE.

Se te yon plak byen klere ki te fèt ak bon lò e yo te grave pawòl ki vin apre yo sou li ann ebre: “YHWH SEN.” Yo te mete plak sa a sou gwo mouchwa espesyal ki te vlope tèt gran prèt la, sou pati ki sou fwon l lan (Egzod 39:30)

 

NAZIREYEN.

Nazireyen se yon mo ki soti nan lang ebre ki vle di: “Yon moun yo mete apa” oswa: “Yon moun ki vwe tèt li.” Te gen 2 kategori Nazireyen: sila yo ki te deside vin Nazireyen ak sila yo Bondye te chwazi pou vin Nazireyen. Yon gason oswa yon fi te ka fè Bondye yon ve espesyal pou yo viv antanke Nazireyen pandan yon tan. Gen twa bagay moun ki te fè ve sa a te dwe respekte: 1) yo pa t dwe bwè ni alkòl ni manje okenn pwodui ki soti nan pye rezen, 2) yo pa t dwe koupe cheve yo e 3) yo pa t dwe manyen yon kadav. Moun Bondye te chwazi pou vin Nazireyen yo te Nazireyen pandan tout vi yo, e Bondye te fè konnen aklè ki sa l te mande pou yo fè. — Nonb 6:2-7; Juj 13:5.

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre