65 Chapit 65 : KAS, DEMON, TWOU SAN FON (ABIM)

KAS.

Se yon pwodui ki soti nan pyebwa ki rele kas la (Cinnamomum cassia), yon pyebwa ki nan menm fanmi ak pye kanèl. Yo te sèvi ak pwodui sa a kòm pafen e se youn nan pwodui yo te itilize pou fè luil onksyon ki sakre a. — Egzod 30:24; Samyel 45:8; Ezekyel 27:19.

 

DEMON.

Se yon seri kreyati moun pa ka wè, yon seri espri mechan ki gen pouvwa moun pa genyen. Nan Jenèz 6:2, yo rele yo “pitit vrè Dye a”, e nan Jid 6, yo rele yo “zanj”, sa ki montre Bondye pa t kreye yo tou mechan. Okontrè, zanj sa yo te chwazi vin ènmi Bondye lè yo te dezobeyi lè yo te vin patizan Satan ki te leve kont Bondye. — Detewonom 32:17; Luk 8:30; Travay Apot yo:16; Jak 2:19.

 

TWOU SAN FON (ABIME).

Se yon tradiksyon pou mo grèk abisòs ki vle di: “fon anpil”, oswa: “yo pa kapab mezire l, li san limit”. Yo itilize l nan Liv ki te ekri an grèk yo pou pale de yon kote ki tankou prizon. Li gen sans tonm tou, men se pa sa sèlman l ye. — Luk 8:31; Women 10:7; Apokalips 20:3.

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre