ENFOMASYON JENERAL SOU LABIB #1

LEKOL LABIB CBNDF
LESON NO.1 : ENFOMASYON JENERAL
1) Yo te pran anviwon 1500 lane pou fen ekri tout 73 liv labib yo
2) Gen anviwon 40 moun ki te ekri liv labib yo. Gen moun nou pa konnen non yo.
3) Premye liv labib la rele LAJENEZ Lajenez se premye liv Ansyen Testaman tou.
4) Denye liv labib la rele APOKALIPS
5) Liv ki pi LONG nan Ansyen Testaman se liv Som yo.
6) Liv ki pi KOUT la nan Ansyen Testaman se liv pwofet ABDYAS
7) Liv ki pi LONG nan Nouvo Testaman se liv Travay Apot yo

8) Liv ki pi KOUT nan Nouvo Testaman se TWAZYEM EPIT JAN

LEKOL LABIB CBNDF

 

LESON NO.2 : DIVIZYON 27 LIV NOUVO TESTAMAN

1) 4 LEVANJIL : Matye, Mak, Luk, Jan

2) Travay Apot yo

3) 14 Epit (Let) Apot Pol : Women, 1 Korentyen, 2 Korentyen, Galat, Efezyen, Filipyen, Kolosyen, 1 Tesalonisyen, 2 Tesalonisyen, 1 Timote, 2 Timote, Filemon, Ebre.

4) 7 Epit Katolik : 1 Pye, 2 Pye, Jak, Jud, 1 Jan, 2 Jan, 3 Jan

5) Apokalips

 

LEKOL LABIB CBNDF
LESSON NO.3 : TRADUKSYON LABIB YO
1) 73 liv labib yo te ekri an 3 lang : ebre, grek ak arameyen
2) 39 liv ebre ansyen testaman yo ki te ekri an ebre yo te tradwi yo nan lang grek. Yo rele traduksyon sa SEPTANT (LXX).
3) Sen Jewom Patwon Pawas Tit Rivye Latibonit te tradwi tout labib la nan lang LATEN. Yo rele traduksyon sa VULGAT. Sen Jewom te fe traduksyon sa nan katriyem syek nan vil Betleyem. VULGAT se bib ofisyel legliz katolik
4) Pi bon bib nou genyen nan lang franse, se LA BIBLE DE JERUSALEM

5) Gen yon bib nan lang franse ki rele TOB ki vle di TRADUCTION OECUMENIQUE DE LA BIBLE. Ni katolik, ni otodoks, ni pwotestan rekonet bib sa.

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre