68 Chapit 68 : LAZA, LOTEL, MESI

Sen LAZA.

Laza se te fre Mat ak Mari. Touletwa se te bon zanmi Jezu. Yo tap viv nan vilaj Betani. Laza ven malad. Se l yo mande Jezu pou vini vizite l. Men le Jezu rive Betani Laza te deja mouri epi antere depi 3 jou. Jezu pataje chagren Mat ak Mari. Jezu kriye. Li mande pou yo retire gwo woch ki te femen tonbo a. Epi Jezu di: LAZA, SOTI ! Menm le a Laza reveye epi li soti deyo nan tonbo a.

 

LOTEL.

Lotèl se yon bagay yo te konstwi oswa yon platfòm ki te yon ti jan wo ki te fèt an tè, ak wòch, oswa ak bwa yo te kouvri ak yon metal, oubyen se te yon gwo mas wòch. Yo te konn ofri sakrifis sou yo, oswa yo te konn boule lansan sou yo lè y ap adore vrè Dye a oubyen lòt dye. Nan premye chanm ki te nan tabènak la oswa tanp lan, te gen yon ti “lotèl annò” ki te la pou yo ofri lansan. Li te fèt ak bwa yo te kouvri ak lò. Te gen yon ‘lotèl an kuiv’ ki te pi gwo deyò nan lakou a pou yo boule sakrifis (Egkod 27:1; 39:38, 39; Jenez 8:20; 1Wa 6:20; 2 Kwonik 4:1; Luk 1:11).

MESI.
Mesi se yon mo ki soti nan yon mo ebre ki vle di: “moun Bondye chwazi a”. Mo “Kris” la vle di menm bagay la, e li se yon mo ki soti nan lang grèk. — Danyel 9:25; Jan 1:41

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre