51 Chapit 51 : MALEDIKSYON, MODI, LEP, LALWA

MALEDIKSYON. MODI.

MALEDIKSYON, MODI

Malediksyon se lè yo menase yon moun oswa lè yo mande pou bagay mal rive yon moun oswa yon bagay. Byen souvan, yon malediksyon konn yon deklarasyon yon moun fè oswa li mande pou yon malè rive, e lè se Bondye ki bay malediksyon oswa li mande yon moun pou l bay malediksyon, pawòl sa a gen menm pwa ak yon pwofesi. — Jenez 12:3; Nonb 22:12; Galat 3:10.

 

LEP. MALADI LALEP.

Se yon maladi po ki grav. Maladi lèp yo pale nan Bib la pa fin menm ak sa nou konnen jodi a, paske ni moun, ni rad, ni kay te ka genyen l. — Levitik 14:54; Luk 5:12.

LEP, MALADI LALEP

LWA. LALWA.

Lè nou ekri l “Lwa” oswa “Lalwa” avèk “l” majiskil, mo sa a gen rapò ak Lwa Moyiz la oubyen ak senk premye liv ki nan Bib la. Lè nou ekri l “lwa” oswa “lalwa” avèk “l” miniskil, mo sa a gen rapò ak yon lwa ki nan Lwa Moyiz la oswa ak yon prensip. — Nonb 15:16; Detewonom 4:8; Matye 7:12; Galat 3:24.

LWA, LALWA

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre