12 Chapit 12 : RIDO, REPANTI, REZUREKSYON

RIDO.

Se yon bèl twal yo te bwode desen cheriben sou li ki te separe Kote ki sen an ak Kote ki pi sen an nan tabènak la ak nan tanp lan (Egzod 26:31; 2 Kwonik 3:14; Matye 27:51; Ebre 9:3).

 

RIDO TANP JERUZALEM NAN

REPANTI.

Selon jan yo itilize mo sa a nan Bib la, li vle di yon chanjman nan fason yon moun panse kote li regrèt anpil pou ansyen fason l t ap viv, move aksyon l te fè, oswa bagay li pa t rive fè. Yon moun ki repanti ak tout kè l fè aksyon ki montre li repanti toutbon. — Matye 3:8; Travay Apot yo :19; 2 Pye 3:9.

 

REPANTI

 

Rezirèksyon.

Se lè yon moun leve sot nan lanmò. Yon fason literal, mo grèk anastazis la vle di: “leve; kanpe”. Nan Bib la, yo pale de nèf rezirèksyon, san wete resisite Jezi a. Se vre se Eli, Elize, Pyè ak Pòl ki te fè lòt rezirèksyon yo, men Bib la montre aklè, se grasa pisans Bondye yo te rive fè yo. Rezirèksyon ki pral fèt sou tè a “ni pou moun ki jis, ni pou moun ki enjis” yo gen anpil enpòtans nan objektif Bondye (Travay Apot yo:15). — Filipyen 3:11; Apokalips :5, 6; Jan 5:28, 29; 11:25

 

REZUREKSYON

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre