16 Chapit 16 : MAJI, POZE MEN, POURIM

PRATIK KI GEN RAPO AK MOVE ZESPRI.

Gen moun ki kwè lespri moun ki mouri yo soti nan kò fizik la, epi lespri sa yo ka antre an kontak ak moun ki vivan yo, espesyalman pa mwayen yon moun (yon divinò) yo kapab enfliyanse byen fasil. Mo grèk yo mete “pratik ki gen rapò ak movè zespri” pou li a se famakya. Yon fason literal, li vle di: “itilizasyon dwòg”. Mo sa a ka gen rapò ak pratik ki gen rapò ak movè zespri, paske nan tan lontan, moun te konn itilize dwòg lè yo t ap envoke demon yo lè y ap pratike maji. — Galat 5:20; Apokalips 21:8.

 

PRATIK KI GEN RAPO AK MOVE ZESPRI

 

POZE MEN SOU… ( IMPOSITION DES MAINS).

Yo te konn poze men sou yon moun pou yo nome l pou l fè yon travay espesyal oswa pou beni l, pou geri l oswa pou ba l Lespri Sen kòm kado. Pafwa, yo te konn poze men sou bèt yo anvan yo ofri yo kòm sakrifis. — Egzod 29:15; Nonb 27:18; Travay Apot yo 19:6; 1 Tit 5:22.

 

POZE MEN

POURIM.

Pourim se yon fèt yo te konn fete 14 ak 15 Ada. Li te fè Juif yo sonje fason yo te delivre anba destriksyon nan epòk rèn Estè a. Mo pourim nan pa soti nan lang ebre a e li vle di: “osò”. Yo te rele fèt Pourim nan, oswa fèt Osò a, konsa akoz aksyon Aman te fè lè l te fè tiraj Pou (Osò) pou l te chwazi jou l t apral reyalize konplo l te fè pou l detwi Juif yo. — Este 3:7; 9:26.

 

POURIM

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre