3 Chapit 3 : TERAFIM, SADISEYEN, SABA

TERAFIM. Terafim se yon seri dye fanmi oswa zidòl moun te konn konsilte pafwa pou yo ka konnen sa k pral rive (Ezekyel 21:21). Gen kèk ladan yo ki te gwosè yon moun e ki te gen fòm moun, alòske gen lòt ki te piti (Jenez 31:34; 1Samyel 19:13, 16). Kèk dekouvèt akeyològ yo fè nan Mezopotami montre lè yon moun te gen estati terafim yo, sa te fè wè se li ki pou resevwa eritaj fanmi an. (Petèt, se sa k fè Rachèl te pran terafim papa l yo.) Sanble se pa t konsa sa te ye ann Izrayèl, byenke yo te konn adore estati terafim yo nan epòk jij yo ak nan epòk wa yo. Terafim yo te pami bagay Jozyas, yon wa ki te fidèl, te detwi. — Juj 17:5; 2Wa 23:24; Oze 3:4

 

TERAFIM

 

SADISEYEN. Sadiseyen se yon ti gwoup nan relijyon Jidayis la ki te gen anpil pouvwa ki te gen ladan l yon seri moun rich, ki soti nan gran fanmi, ansanm ak yon seri prèt ki te gen gwo pouvwa sou aktivite ki te konn fèt nan tanp lan. Yo pa t dakò ak anpil tradisyon oral Farizyen yo te konn suiv ansanm ak lòt kwayans Farizyen yo te genyen. Yo pa t kwè nan rezirèksyon e yo pa t kwè gen zanj. Yo te opoze ak Jezi. — Matye 16:1; Travay Apot yo :8

2910:16 AM
image
SADISEYEN

SABA. Saba soti nan yon mo ebre ki vle di: “repoze; sispann”. Se te setyèm jou nan semèn Juif yo (soti lè solèy la kouche vandredi pou rive lè solèy la kouche samdi). Gen kèk lòt jou fèt nan ane a yo te konn rele saba tou, e se konsa yo te rele 7yèm ane a ak 50yèm ane a. Nan jou saba a, yo pa t dwe fè okenn travay apa sèvis prèt yo te konn fè nan tanp lan. Nan ane saba yo, yo pa t dwe kiltive okenn tè nan peyi a, e Izrayelit yo pa t dwe fè presyon sou okenn Izrayelit parèy yo pou fè yo peye dèt yo. Selon Lalwa, restriksyon Bondye te bay konsènan saba a te rezonab, men, tikras pa tikras, chèf relijye yo te vin ajoute lòt restriksyon sou yo, sa ki te fè l vin difisil anpil pou pèp la respekte restriksyon sa yo nan epòk Jezi a. — Egzod 20:8; Levitik 25:4; Luk 13:14-16.

 

SABA

 

SIYIFIKASYON MO « KRIS » LA

 


LIV PWOFET JONAS

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre