4 Chapit 4 : VE, VIL REFUJ, VIL DAVID

VIL REFUJ

VIL REFIJ. Vil refij se vil ki te pou Levit yo, kote yon moun ki te touye yon lòt moun san l pa t fè espre te ka kouri al pran refij pou moun k ap tire revanj pou moun ki mouri a pa t touye l. Se Moyiz, e pi devan Jozye, ki te chwazi vil refij yo, anba direksyon Bondye. Te gen sis vil refij nan peyi Bondye te pwomèt Izrayelit yo. Lè yon moun ki kouri al nan yon vil refij te rive devan pòtay vil la, li te dwe rakonte ansyen ki nan vil sa a sa k te pase a pou yo ka kite l antre nan vil la. Pou anpeche yon moun ki te fè espre l touye yon moun rete san l pa t jwenn pinisyon, yo te dwe jije moun ki te vin pran refij la nan vil kote li te touye moun nan pou l ka pwouve li inosan. Si moun nan te pwouve li inosan, li te dwe retounen al viv nan vil refij la, e li te dwe rete nan vil sa a pandan tout lavi l, oswa jiskaske gran prèt la mouri. — Nonb 35:6, 11-15, 22-29; Jozye 20:2-8.

VIL DAVID. Se non yo te bay vil Jebis la apre David te fin pran vil sa a e apre li te fin bati kay li nan vil la. Yo rele vil sa a Siyon tou. Li te nan sidès Jerizalèm e se te pati ki te pi ansyen nan vil sa a. — 2Samyel 5:7; 1Kwonik 11:4, 5

 

VIL DAVID
VE (VOEU) NAN LABIB

VE (VOEU). Ve se yon pwomès yon moun fè Bondye pou l fè kèk aktivite, kèk ofrann oswa kado, antre nan kèk fòm sèvis oswa pa fè kèk bagay menmsi yo pa kontrè ak Lalwa vre. Pwomès sa a gen menm fòs ak yon sèman. — Nonb 6:2; Eklezyas 5:4; Matye 5:33.

 

EMISYON LEKOL LABIB CBNDF

 


KISA :SHALOM » VLE DI ?

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre