44 Chapit 44 : KALDE, KALDEYEN, GALAAD, DYAB

KALDE. KALDEYEN YO.

Okòmansman, Kalde se te tèritwa ki te nan zòn kote Rivyè Tig la ak Rivyè Efrat la al tonbe nan lanmè, e moun ki te abite nan zòn sa a te rele Kaldeyen. Pi devan, mo Kalde a te vin reprezante tout tèritwa Babilòn nan e yo te rele moun ki te abite nan tout tèritwa sa a Kaldeyen. Mete sou sa, yo te itilize ekspresyon “Kaldeyen yo” pou yo pale de yon gwoup moun ki te gen anpil konesans sou lasyans, sou listwa, sou lang ak astwonomi, men ki te konn fè maji ak astwoloji tou. — Esdras 5:12; Danyel 4:7; Travay Apot yo 4.

KALDE, KALDEYEN

GALAAD.
Se zòn ki bay anpil manje ki nan lès Rivyè Jouden an, ki soti depi nan nò pou rive nan sid Vale Jabòk. Pafwa, yo te konn sèvi ak non sa a pou yo pale de tout tèritwa Izrayèl ki nan lès Rivyè Jouden, kote tribi Ribenn, tribi Gad ak mwatye tribi Manase t ap viv la (Nonb 32:1; Jozye 12:2; 2Wa 10:33).
GALAAD

DYAB.

Nan Liv ki te ekri an grèk yo, se yon non yo bay Satan pou fè konnen kiyès li ye, e non sa a vle di: “Medizan”. Yo rele Satan Dyab paske se li menm ki prensipal moun k ap bay manti sou Bondye, k ap lage vèni sou li, sou bon pawòl li a, e sou non Bondye ki sen. — Matye 4:1; Jan 8:44; Apokalips 12:9.

DYAB

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre