45 Chapit 45 : EBRE, BANZA, BAG {SO)

EBRE.

Se yon mo yo te itilize pou premye fwa pou Abram (Abraram), yon fason pou yo te distenge l ak Amorit ki t ap viv ozalantou l yo. Annapre, yo te sèvi ak mo ebre a pou yo pale de desandan Abraram te vin genyen pa mwayen Jakòb, pitit pitit gason l, e se konsa tou yo te rele lang yo te pale a. Nan epòk Jezi a, lang ebre a te vin gen anpil ekspresyon arameyen ladan l e se lang sa a Kris ak disip li yo te pale. — Jenez 14:13; Egzod 5:3; Travay Apot yo 26:14.

 

EBRE

 

BANZA (ARC).

Se yon zam yo itilize pou fè lachas oswa pou fè lagè. Yo te konn itilize l sitou pou yo tire flèch. An jeneral, se te yon moso bwa oswa yon moso metal ki ka koube byen fasil ki gen yon kòd nòmal oswa yon kòd an kui ki mare nan de pwent bwa a. Yo te konn pase flèch la nan kòd la, yo rale kòd la ansanm ak flèch la, sa ki fè banza a koube, e lè yo lage kòd la, flèch la al byen vit. — Jenez 27:3; Apokalips 6:2.

4611:17
BANZA

Bag yo konn poze so (BAGUE SCEAU).

BAG

Se yon kalite so yo te konn mete nan dwèt oswa nan yon kòd ki petèt te nan kou yon moun. Li te yon senbòl ki montre otorite yon dirijan oswa yon fonksyonè (Jenez 41:42).

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre