47 Chapit 47 : BON NOUVEL, BELZEBUTH, PWOSTITUSYON

Bon nouvèl.

Nan Liv ki te ekri an grèk yo, ekspresyon sa a fè referans ak bon nouvèl konsènan Wayòm Bondye a e konsènan delivrans Bondye pral bay moun grasa lafwa yo gen nan Jezi Kri. — Luk 4:18, 43; Travay Apot yo 5:42; Apokalips 14:6.

 

BON NOUVEL

Beyèlzeboub.

Se yon non yo bay Satan ki se prens oswa chèf demon yo. Li posib pou Beyèlzeboub se yon lòt fason yo te pwononse non Baalzeboub la, anpalan de Baal Filisten yo te konn adore nan Ekwon. — 2Wa 1:3; Matye 12:24.

BELZEBUTH

PWOSTITUYE.
Pwostituye se yon moun ki antre nan relasyon seksyèl san li pa marye e ki fè sa sitou pou lajan. (Mo grèk yo met “pwostitye” pou li a se pòne, li soti nan yon mo ki vle di: “vann”.) Mo a plis gen rapò ak fi, byenke yo pale de pwostitye gason nan Bib la tou. Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te kondane pwostitisyon, e kontrèman ak koutim moun lòt nasyon yo kote yo te konn sèvi ak pwostitye nan yon tanp kòm mwayen pou fè lajan, yo pa t aksepte lajan pwostitye kòm ofrann nan tanp Bondye a a (Detewonom 23:17, 18). Anplis de sa, Bib la itilize mo sa a nan sans senbolik pou l pale de moun oswa nasyon ki lage kò yo nan idolatri toutpandan y ap di se adoratè Bondye yo ye.

PWOSTITUSYON

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre