5 Chapit 5 : ZES, ETWAL DI MATEN, ZANJ

ZES (ZEUS).

Se li ki te pi gwo dye pou Grèk yo ki te konn adore anpil dye. Nan vil Lis, moun yo te pran Banabas pou Zes. Toupre vil Lis, men sa yo te jwenn ki ekri sou kèk ansyen bagay: “Prèt Zes yo”; “Zes, dye solèy la”. Bato Pòl te pran lè l te kite zile Malt la te gen yon senbòl “Pitit Zes yo” devan l, anpalan de Kastò ak Poliks, 2 frè marasa. — Travay Apot yo 14:12; 28:11

ZES (ZEUS)

 

ETWAL DI MATEN.

Li vle di menm bagay ak “zetwal ki klere lematen”. Se dènye etwal ki leve alès anvan solèy la parèt, e konsa, li anonse yon nouvo jou. — Apokalips 22:16; 2 Pye 1:19.

 

ZETWAL DI MATEN

 

ZANJ.

Se yon mo ki soti nan mo ebre malak ak mo grèk agelòs. De mo sa yo vle di: “mesaje” oswa: “moun yo voye”. Men, yo mete “zanj” pou yo lè y ap fè referans ak kreyati espirityèl Bondye voye kòm mesaje (Jenez 16:7; 32:3; Jak 2:25; Apokalips 22:8). Zanj yo se yon seri kreyati espirityèl ki gen anpil pouvwa Bondye te kreye byen lontan anvan li te kreye lèzòm. Nan Bib la, yo pale de yo tou kòm ‘plizyè dizèn milye zanj ki sen’ oswa “pitit vrè Dye a” oswa “zetwal ki klere maten yo”. (Detewonom 33:2; Job 1:6; 38:7.) Bondye te fè yo chak apa, li pa t fè yo ak kapasite pou yo fè pitit. Gen plis pase san milyon zanj (Danyel 7:10). Bib la fè konnen chak zanj yo gen yon non e yo chak gen pèsonalite pa yo. Sepandan, zanj yo enb, yo pa vle pou moun adore yo e pifò nan yo pa menm vle fè konn non yo (Jenez 32:29; Luk 1:26; Apokalip 22:8, 9). Zanj yo pa gen menm pozisyon e yo chak gen travay pa yo. Genyen k ap sèvi devan twòn Bondye a, genyen k ap transmèt mesaj li yo, gen lòt k ap ede sèvitè Bondye yo sou tè a.

 

Z A N J
Z A N J

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre