52 Chapit 52 : BWAT KONTRA, KOUVETU POU PA, JOU PURIFIKASYON

BWAT KONTRA (Arche d’Alliance).

Anndan Bwat Kontra ou te jwen 3 bagay : 1) 10 komandman Bondye te bay Moyiz yo 2) yon veso an lo ki te gen 3 ti mamit LAMAN 3) BATON Aaron fre Moyiz ki te fe fle zanman nan yon sel nwit

 

BWAT KONTRA (ARCHE D’ ALLIANCE

 

Kouvèti pou padon.

Se kouvèti lach alyans lan, e se devan l gran prèt la te konn vide san sakrifis yo te konn ofri nan jou Pirifikasyon an. Mo ebre a soti nan yon vèb ki vle di: “kouvri (peche)” oswa petèt: “efase (peche)”. Li te fèt ak lò e te gen de cheriben sou li, youn nan chak pwent li. Pafwa, yo konn annik rele l: “kouvèti a”. (Egzod 25:17-22; 1Kw 28:11; Ebre 9:5

 

KOUVETU POU PADON

JOU PURIFIKASYON (Yom Kippur).

Se jou sakre ki pi enpòtan pou Izrayelit yo. Yo rele jou sa a tou Yòm Kipou (li soti nan mo ebre yòmakipourim nan, ki vle di “jou yo kouvri”) ki te tonbe nan jou ki te 10 Etanim. Se te sèl jou nan ane a Gran Prèt la te antre nan Kote ki pi sen nan Tanp nan. Se la li te ofri sang sakrifis pou peche l, pou peche lòt Levit yo e pou peche pèp la. Se te yon jou rasanbleman ki sakre, yon jou yo te konn fè jèn, yon jou saba, e yon jou kote moun pa fè okenn travay. — Levitik 23:27, 28.

 

JOU PURIFIKASYON (YOM KIPPOUR)

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre