53 Chapit 53 : JOUK, JEYEN, ZANJ YO

JOUK.

Se yon bout bwa moun te konn pote sou zepòl yo ki te konn gen chay nan chak pwent yo oswa yon bout bwa oubyen yon kad an bwa yo te konn met sou kou 2 bèt (an jeneral bèf) k ap rale yon enstriman yo travay tè oswa yon chari. Etandone esklav yo te sèvi ak jouk byen souvan pou yo pote bagay ki lou anpil, yo te vin sèvi ak mo jouk la yon fason senbolik pou yo pale de esklavaj oswa pou yon moun ki koube devan yon lòt moun, epi pou yo pale de pwoblèm ak soufrans. Retire oswa kraze jouk vle di libere anba esklavaj, anba pwoblèm oswa anba yon moun k ap eksplwate moun. — Levitik 26:13; Matye 11:29, 30.

 

JOUK

 

JEYEN ( Gehenne).

Nan lang grèk, se non Vale pitit gason Inon an ki te nan sidwès ansyen vil Jerizalèm nan (Jeremi 7:31). Selon yon pwofesi, yo te konn pale de zòn sa a kòm yon kote yo jete kadav (Jeremi 7:32; 19:6). Yo te kon lage bèt oswa moun nan Jeyèn nan pou yo boule yo tou vivan oswa pou yo toumante yo. Jezi ak disip li yo te sèvi ak mo Jeyèn nan kòm yon senbòl pou pale de “dezyèm lanmò a”, sa vle di destriksyon oswa eliminasyon total. — Apokalips 20:14; Matye 5:22; 10:28.

 

JEYEN

ZANJ YO

Bondye te fè zanj yo chak apa, li pa t fè yo ak kapasite pou yo fè pitit. Gen plis pase san milyon zanj (Danyel 7:10). Bib la fè konnen chak zanj yo gen yon non e yo chak gen pèsonalite pa yo. Sepandan, zanj yo enb, yo pa vle pou moun adore yo e pifò nan yo pa menm vle fè konn non yo (Jenez 32:29; Luk 1:26; Apokalips 22:8, 9)

4811:50
Zanj yo pa gen menm pozisyon e yo chak gen travay pa yo. Genyen k ap sèvi devan twòn Bondye a a, genyen k ap transmèt mesaj li yo, gen lòt k ap ede sèvitè Bondye yo sou tè a, genyen k ap egzekite jijman Bondye yo e gen lòt k ap kore travay predikasyon bon nouvèl la (2Wa 19:35; Samyel 34:7; Luk 1:30, 31; Apokalips 5:11; 14:6).

ZANJ YO

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre