54 Chapit 54 : ZANJ, DENYE, DENYE JOU

ZANJ.

Zanj se yon mo ki soti nan mo ebre malak ak mo grèk agelòs. 2 mo sa yo vle di: “mesaje” oswa: “moun yo voye”. Men, yo mete “zanj” pou yo lè y ap fè referans ak kreyati espirityèl Bondye voye kòm mesaje (Jenez 16:7; 32:3; Jk 2:25; Apokalips 22:8). Zanj yo se yon seri kreyati espirityèl ki gen anpil pouvwa Bondye te kreye byen lontan anvan li te kreye lèzòm. Nan Bib la, yo pale de yo tou kòm ‘plizyè dizèn milye zanj ki sen’ oswa “pitit vrè Dye a” oswa “zetwal ki klere maten yo”. (Detewonom 33:2; Job 1:6; 38:7.)

 

ZANJ

DENYE.

Se yon pyès monnen ann ajan women yo te konn itilize ki te peze anviwon 3,85 g e ki te gen yon imaj Seza sou youn nan fas li yo. Se kòb yo te peye yon travayè pou yon jounen travay e se te “enpo Seza egzije pou chak” Juif pou yo peye (Matye 22:17; Luk 20:24).

 

DENYE

DENYE JOU.

Nan pwofesi ki nan Bib la, ekspresyon sa a gen rapò ak epòk kote gwo evènman Bib la te anonse yo rive nan dènye bout yo (Ezekyel 38:16; Daniel 10:14; Travay Apot yo 17). Bib la itilize ekspresyon “dènye jou” a sitou pou l pale de dènye jou sistèm sa a, pandan prezans envizib Jezi a. — 2Timote 3:1; Jak 5:3; 2Pye 3:3.

 

DENYE JOU

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre