56 Chapit 56 : CHEMEN AN, BANZA, GAJ

CHEMEN (LA VOIE).

Se yon ekspresyon yo itilize nan Bib la yon fason senbolik pou yo pale de konduit oswa aksyon Bondye aksepte oswa li pa aksepte. Yo te konn pale de moun ki te vin disip Jezi Kri yo kòm moun ki fè pati “Chemen an”, sa vle di yo te viv ann amoni ak lafwa yo te genyen nan Jezi Kri a, yo te suiv egzanp li. — Travay Apot yo 19:9.

 

CHEMEN AN

 

BANZA (ARC).

Se yon zam yo itilize pou fè lachas oswa pou fè lagè. Yo te konn itilize l sitou pou yo tire flèch. An jeneral, se te yon moso bwa oswa yon moso metal ki ka koube byen fasil ki gen yon kòd nòmal oswa yon kòd an kui ki mare nan de pwent bwa a. Yo te konn pase flèch la nan kòd la, yo rale kòd la ansanm ak flèch la, sa ki fè banza a koube, e lè yo lage kòd la, flèch la al byen vit. — Jenez 27:3; Apokalips 6:2.

 

BANZA (ARC
BANZA
)

Bagay moun bay kòm garanti (GAGE).

Se yon objè pèsonèl yon moun ki dwe yon kòb te konn bay moun ki prete l kòb la kòm garanti l ap remèt li lajan an pi devan. Nan Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la, te gen kèk enfòmasyon ki gen rapò ak bagay yo bay kòm garanti, e enfòmasyon sa yo te pwoteje enterè moun ki te pòv e ki pa t gen moun pou defann yo nan nasyon an. — Egzod 22:26; Ezekyel 18:7.

 

GAJ

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre