58 Chapit 58 : NOUVEL LIN, KOUDE, APOSTAZI

NOUVEL LIN.

Se premye jou nan chak mwa kalandriye Juif la. Se yon jou moun yo te konn reyini ansanm, yo te konn fè fèt e yo te konn ofri kèk sakrifis espesyal. Pi devan, jou sa a te vin tounen yon fèt nasyonal ki enpòtan anpil, e pèp la pa t konn fè travay nan jou sa a. — Nonb 10:10; 2 Kwonik 8:13;

 

NOUVEL LIN

KOUDE. Se plizoumwen distans ant koud bra yon moun ak pwent dwèt ki pi long nan senk dwèt li yo. An jeneral, koude Izrayelit yo te plis itilize a te mezire anviwon 44,5 sm (17,5 pous). Men, yo te konn itilize tou yon koude ki long ki te mezire anviwon 51,8 sm (20,4 pous), e koude sa a te gen lajè kat dwèt anplis koude yo te plis itilize a (Jenez 6:15).

KOUDE.

Se plizoumwen distans ant koud bra yon moun ak pwent dwèt ki pi long nan senk dwèt li yo. An jeneral, koude Izrayelit yo te plis itilize a te mezire anviwon 44,5 sm (17,5 pous). Men, yo te konn itilize tou yon koude ki long ki te mezire anviwon 51,8 sm (20,4 pous), e koude sa a te gen lajè kat dwèt anplis koude yo te plis itilize a (Jenez 6:15).

KOUDE

APOSTAZI.
Nan lang grèk la, mo sa a (apostazya) soti nan yon vèb. Yon fason literal, li vle di: “rete lwen”. Non an gen sans: “kite, abandone oswa rebelyon”. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo itilize mo “apostazi” a sitou pou yo pale de moun ki kite vrè adorasyon an. — Pwoveb 11:9; 2 Tesalonisyen 2:3

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre