59 Chapit 59 : GID PRENSIPAL, GALAAD, DELEGE

GID PRENSIPAL.

Premye sans mo grèk la se “Lidè an chèf”. Se yon tit yo bay Jezi Kris ki montre wòl enpòtan li genyen pou l libere moun ki fidèl yo anba lanmò peche pote a e pou l pèmèt yo jwenn lavi ki pap janm fini an. — Travay Apot yo 15; 5:31; Ebre 2:10; 12:2

 

GALAAD.

Se zòn ki bay anpil manje ki nan lès Rivyè Jouden an, ki soti depi nan nò pou rive nan sid Vale Jabòk. Pafwa, yo te konn sèvi ak non sa a pou yo pale de tout tèritwa Izrayèl ki nan lès Rivyè Jouden, kote tribi Ribenn, tribi Gad ak mwatye tribi Manase t ap viv la (Nonb 32:1; Jozye 12:2; 2Wa 10:33).

DELEGE.
Delege se yon fonksyonè nan gouvènman Babilòn nan ki te pi ba pase yon satrap. Nan Bib la, delege yo te nan yon pozisyon ki te fè yo gen otorite sou moun ki gen sajès nan palè Babilòn nan. Yo te pale de delege yo tou pandan rèy wa Dariyis, moun peyi Medi a. — Danyel 6:7.

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre