6 Chapit 6 : WOCH MOULEN, WOCH KI TE NAN KWEN AN, WOULO (MEGILAH)

WOCH MOULEN.

Se yon wòch tou won yo te konn met sou yon lòt wòch menm jan an pou kraze manje angren pou fè farin. Te gen yon moso bwa ki te nan mitan wòch ki anba a ki te sèvi kòm yon pivo pou wòch ki anlè a. Nan tan biblik yo, nan pifò kay, yo te konn sèvi ak moulen medam yo vire ak men yo. Etandone pen yon fanmi te bezwen chak jou te depann de moulen sa yo, Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la te entèdi yon moun pran kit se pati ki anba a, kit se pati ki anlè a, kòm garanti. Gen moulen ki te fèt menm jan ak moulen sa yo ki te pi gwo e se bèt ki te konn vire yo. — Detewonom 24:6; Mak 9:42.

 

WOCH MOULEN

 

GWO WOCH MOULEN BET KON TOUNEN

 

JEZU DI KE MOUN KI FE YON LOT TONBE NAN PECHE LI TA PI BON POU LI KE YO METE NAN KOU L YON WOCH MOULEN EPI PLONJE L NAN LANME !

 

WOCH KI NAN KWEN AN (PIERRE D’ANGLE).

Se te yon wòch yo mete nan yon ang oswa nan yon kwen kote de mi kontre, e ki te jwe yon wòl enpòtan nan kole de mi sa yo ansanm. Wòch ki nan kwen ki pi enpòtan an se sa ki nan fondasyon an, e an jeneral, pou yo konstwi bilding piblik yo ak mi vil yo, se yon wòch ki nan kwen ki byen solid yo te konn itilize. Yo sèvi ak mo sa a nan yon sans senbolik pou yo pale de sa ki kenbe tè a, e yo pale de Jezi kòm “wòch ki nan kwen fondasyon” kominote kretyen an, yon kominote ki tankou yon kay espirityèl. — Efezyen 2:20; Job 38:6.

 

WOCH KI TE NAN KWEN AN

 

WOULO ( MEGILAH).

Se yon fèy pachemen oswa yon papiris ki long anpil yo ekri sou li nan yon bò, e an jeneral, yo te woule l sou yon moso bwa. Yo te ekri teks labib yo e yo te rekopye yo sou woulo, e se sou fòm sa a liv yo te ye nan epòk yo t ap ekri Bib la. — Jeremi 36:4, 18, 23; Luk 4:17-20; 2Timote 4:13.

WOULO (MEGILAH)

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre