60 Chapit 60 : DARIK, GLASI, BATO TARSIS

DARIK.

Darik se te yon pyès monnen annò yo te konn itilize nan peyi Pès ki peze 8,4 g (1Kwonik 29:7).

 

BAT MANJE AN GREN. GLASI.

Yo te konn bat manje pou yo retire pay ak po sou manje angren yo. Glasi yo se kote yo te konn fè travay sa a. Yo te konn sèvi ak yon baton pou yo bat manje angren yo, oubyen lè se yon gwo kantite, yo te konn itilize zouti espesyal tankou planch oswa woulo bèt te konn rale. Yo te konn pase zouti sa yo sou manje angren yo ki te atè kote yo te ouvè yo a. Glasi yo te plat e yo te won, yo te yon kote ki wo, yon kote van ap soufle. — Le 26:5; Izayi 41:15; Matye 3:12.

BATO TARSIS.
Yo te konn sèvi ak ekspresyon sa a okòmansman pou yo pale de bato k ap vwayaje al nan ansyen vil Tasis la (Espay jodi a). Finalman, sanble yo te vin itilize ekspresyon sa a pou yo pale de gwo bato ki ka vwayaje al lwen. Salomon ak Jozafa te konn itilize bato sa yo pou yo fè komès. — 1Wa 9:26; 10:22; 22:48

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre