62 Chapit 62 : LIBASYON, BATEM, POTO SOUFRANS

Bwason yo vide kòm ofrann (LIBATION).

Se diven yo te konn vide kòm ofrann sou lotèl la e ki te konn akonpaye pifò lòt ofrann yo. Pòl te sèvi ak ekspresyon sa a nan yon sans senbolik pou l montre ki jan li te anvi bay tout li menm pou kretyen menm jan avèk li yo. — Nonb 15:5, 7; Filipyen 2:17.

 

Batèm; Batize.

Vèb la vle di: “plonje” oswa desann anba dlo. Jezi te mande pou moun k ap suiv li yo batize. Pami lòt batèm Bib la pale de yo, gen batèm Janbatis nan, gen batèm nan Lespri Sen, e gen batèm nan dife. — Matye 3:11, 16; 28:19; Jan 3:23; 1Pye 3:21.

 

POTO SOUFRANS.

Se yon bwa ki dwat moun kèk nasyon te konn itilize pou yo egzekite yon moun oswa pou yo pann kò yon moun ki mouri. Sa te sèvi kòm avètisman pou lòt moun oswa pou imilye yon moun an piblik. Selon lwa Juif yo, toudabò, yo te dwe touye yon moun ki koupab paske l fè kèk vye krim tankou blasfèm oswa idolatri lè yo kalonnen l ak wòch oswa lè yo touye l yon lòt fason, epi, apre sa, yo t ap pann kò l sou yon poto oswa yon pyebwa pou sèlman yon jou (Detewonom 21:22, 23). Pafwa, Women yo konn annik mare yon viktim sou yon poto, e lè sa a moun nan te gendwa kontinye viv pandan plizyè jou anvan l mouri akoz doulè, swaf, grangou e akoz solèy la k ap bat li. Nan kèk lòt ka, tankou fason yo te egzekite Jezi a, Women yo te konn kloure ni men ni pye moun ki akize a sou yon kwa (Mak 15:24; Jan 19:14-16; 20:25; Travay Apot yo:23, 36).

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre