64 Chapit 64 : NA, MOUN NAZARET, MEDYATE

NA (NARD).

Na se yon luil koulè wouj pal ki santi bon, ki koute chè, ki soti nan yon plant (Nardostachys jatamansi) ki bay bon sant. Lefètke luil sa a te chè anpil, souvan yo te konn melanje l ak lòt luil ki koute mwen chè, e pafwa yo te konn vann lòt luil pou vrè na a. Disip Mak ak apot Jan te fè konnen se “yon bon na” yon dam te vide sou tèt Jezi. — Mak 14:3; Jan 12:3.

 

Moun Nazarèt.

Se yon non yo te bay Jezi paske l te soti nan vil Nazarèt. Li posib pou non sa a gen rapò ak mo ebre yo mete “boujon” pou li a nan Izayi 11:1. Pi devan, yo te vin itilize non sa a pou yo pale de disip Jezi yo. — Matye 2:23; Travay yo 5.

 

Medyatè. Entèmedyè.

Medyate se yon moun k ap ede 2 pati rekonsilye youn ak lòt. Bib la fè konnen Moyiz te medyatè alyans Lalwa a, e Jezi se medyatè nouvo alyans lan. — Galat 3:19; 1Tit 2:5.

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre