66 Chapit 66 : PEN PWOPOZISYON, PAY, TIT SOM YO

Pen yo konn prezante devan Bondye yo.

Se 12 pen plat ki te won yo te fè fè de pil yo te konn mete sou tab ki te nan pati ki sen nan tabènak la ak nan tanp lan, e chak pil te gen sis pen ladan l. Yo te rele yo “pen yo te konn met youn sou lòt yo” tou. Chak saba, yo te konn met lòt pen fre nan plas pen yo te prezante devan Bondye yo. Nòmalman, se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen yo retire yo (2 Kwonik 2:4; Matye 12:4; Ekzod 25:30; Levitik 24:5-9; Ebre 9:2).

PAY NAN LABIB.
Se po fen ki soti sou grenn yo lè yo bat grenn yo ak lè yo vannen yo. Yo konn itilize mo pay la kòm senbòl pou pale de bagay ki pa vo anyen, bagay moun pa bezwen. — Samyel 1:4; Matye 3:12.
Pawòl ki anlè tèt chapit la.
Se pati ki nan anlè yon sòm ki fè konnen kiyès ki te ekri l, ki bay enfòmasyon sou sa k pase nan lavi moun sa a, ki bay enstriksyon sou mizik la oswa ki endike jan yo te dwe itilize sòm nan oubyen objektif li. — Gade pawòl ki anlè tèt Sòm 3, 4, 5, 6, 7, 30, 38, 60, 92, 102.

1

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre