67 Chapit 67 : MARYAJ LEVIRATIK, SENT MAT, MARI BETANI

MARYAJ LEVIRATIK.

Se maryaj kote yon gason marye ak madanm frè l. Selon yon koutim ki te vin antre nan Lwa Moyiz la, yon gason ki gen frè l ki mouri e frè a pa t gen pitit te dwe marye ak madanm frè l la ki vèv pou l te ka fè pitit ki t apral pèmèt frè l la gen yon desandans. Yo te rele koutim sa a maryaj leviratik . — Jenez 38:8; Detewonom 25:5.

 

SENT MAT.

Non Mat la vle di DAM, METRES. Yo pale de Mat nan Luk 10 38-42 ak Jan 11-12,2. Mat se te se Mari ak Laza. Li te kon resevwa Jezu lakay li nan Betani. Mat te gen yon lafwa djanm. Le Laza mouri li di Jezu fre l la pa tap mouri si li te prezan. Mat deklare li kwe Jezu se Pitit Bondye a

 

Sent MARI se Mat ak Laza.
Referans biblik : Luk 10,38-42; Jan 11; Jan 12,3-7. Mari se te se Mat ak Laza. Pandan ke Mari tap monte desan nan prepare manje Mat te chwazi pou l rete nan pye Jezu pou l koute l. Jezu fe konpliman pou chwa sa. Apre rezureksyon Laza, Jezu dine ak tout fanmi an Betani. Mari te pran yon pafen byen che epi li vide l sou pye Jezu. Apre sa li suye pye Jezu ak cheve l. Juda kritike jes sa kom yon gaspiyaj. Men Jezu pran defans Mari.

7110:59
image
Mari lave pye Jezu ak yon pafen byen che

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre