7 Chapit 7 : TAKS, TABENAK, SOUPE GRANMET LA

TAKS (TAXE).

Taks se sa yon peyi oswa yon dirijan te konn peye kòm yon siy ki montre li soumèt anba dominasyon yon lòt peyi oswa yon lòt dirijan, yon fason pou l ka kontinye gen lapè oubyen pou l ka jwenn pwoteksyon (2Wa 3:4; 18:14-16; 2 Kwonik 17:11). Yo konn itilize mo sa a tou pou yo pale de taks yo konn pran sou yon moun. — Nehemi 5:4; Women 13:7.

 

TAKS (TAXE)

 

TABENAK NAN LABIB.

Se yon tant pòtatif Izrayelit yo te konn itilize pou adorasyon apre yo te fin kite peyi Ejip. Se ladan l yo te met lach alyans nan ki te reprezante prezans Bondye, epi l te sèvi kòm yon kote pou Izrayelit yo te fè sakrifis epi adore Bondye. Pafwa, yo te konn rele l “tant reyinyon an” tou. Li fèt nan fòm yon ankadreman an bwa yo te kouvri ak yon seri twal ki fèt ak len ki te gen cheriben bwode sou yo. Li te divize an 2 chanm, yo te rele premye a Kote ki sen an e yo te rele dezyèm nan Kote ki pi sen an (Jozye 18:1; Egzod 25:9).

 

TABENAK NAN LABIB

SOUPE GRANMET LA.

Se yon soupe kote moun ki patisipe yo manje pen san ledven, yo bwè diven, 2 senbòl ki reprezante kò ak san Kris la. Se yon soupe ki fè moun sonje lanmò Jezi. Piske se yon soupe kretyen yo resevwa lòd pou yo toujou selebre, li nòmal pou yo rele soupe sa a “Memoryal” tou. — 1Korentyen 11:20, 23-26.

 

SOUPE GRANMET LA

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre