70 Chapit 70 : PAPIRIS, EWODYEN, LEVYATAN

PAPIRIS.

Papiris se yon plant ki tankou wozo ki pouse nan dlo yo te konn itilize pou fè kèk bagay tankou pànye, resipyan ak bato. Yo te konn sèvi avè l tou pou fè yon materyèl pou ekri ki sanble ak papye, e yo te itilize l pou yo fè anpil woulo. — Izayi 18:2.

 

PATIZAN WA EWOD YO ( HERODIENS).

Yo rele yo Ewodyen tou. Se te yon gwoup moun nasyonalis ki t ap soutni objektif Wa Ewòd yo e ki t ap dirije anba direksyon Women yo. Petèt, gen kèk nan Sadiseyen yo ki te nan gwoup sa a. Ewodyen yo te met ansanm ak Farizyen yo pou yo opoze ak Jezi. — Mak 3:6.

 

LEVYATAN

An jeneral, yo pale de bèt sa a anrapò ak dlo, e sanble se yon bèt ki viv nan dlo. Sanble Levyatan y ap pale nan Jòb 3:8 ak Jòb 41:1 an se kayiman oswa yon lòt gwo bèt ki gen anpil fòs ki viv nan dlo. Nan Sòm 104:26 la, sanble se yon kalite balèn. Gen lòt kote yo sèvi avè l nan yon sans senbolik e li pa fè referans ak okenn bèt. — Samyel 74:14; Izayi 27:1

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre