8 Chapit 8 : SOM, MON SIYON, SO (SCEAU)

SOM.

Som se yon chante pou moun fè lwanj pou Bondye. Yo te fè mizik pou chante sòm yo e adoratè Bondye yo te konn chante yo lè y ap adore l an piblik nan tanp li an, nan Jerizalèm. — Luk 20:42; Travay Apot yo:33

 

S O M

 

Siyon; Mòn Siyon.

Siyon se te non yon fòtrès ki te pou moun Jebis yo ki te nan sidès mòn Jerizalèm nan. Apre David te fin pran fòtrès sa a, li te bati palè l nan zòn sa a. Yo te vin rele kote sa a “Vil David”. (2 Samyel 5:7, 9.) Siyon te vin tounen yon mòn ki sakre, espesyalman pou Bondye, apre David te fin transfere Lach la nan zòn sa a. Annapre, non sa a te vin gen ladan l zòn kote tanp lan te ye sou Mòn Moriya a (kote Abraham ta pral sakrifye pitit li Isaac), e pafwa, li vle di tout vil Jerizalèm nan. Byen souvan, yo sèvi avè l yon fason senbolik nan Liv ki te ekri an grèk yo. — Samyel 2:6; 1Pye 2:6; Apokalips 14:1.

 

MON SIYON

 

SO (SCEAU)

SO se yon zouti yo te konn itilize pou fè yon mak sou yon bagay (an jeneral sou ajil oswa lasi) pou montre ki moun ki mèt bagay la, pou montre bagay la bon, oubyen pou montre moun ki met so a dakò. Yo te konn fè ansyen so yo ak yon materyèl ki di (wòch, ivwa oswa bwa) ki te gen lèt oswa desen grave sou li alanvè. Nan yon sans senbolik, yo te konn sèvi ak yon so pou montre yon bagay bon, pou montre pou kiyès yon bagay ye oswa pou montre gen yon bagay ki kache oswa gen yon sekrè. — Egzod 28:11; Nehemi 9:38; Apokalips 9:4.

 

SO (SCEAU)

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre