21 Chapitre 21 : PAPWOP, PACHEMEN, PADON POU PECHE

Pa pwòp.

Ekspresyon sa a kapab fè referans ak salte nan domèn fizik oswa ak pase lwa moral yo anba pye. Sepandan, nan Bib la, byen souvan, ekspresyon sa a fè referans ak sa k pa bon oswa ki pa pwòp selon Lwa Bondye te bay pa mwayen Moyiz la (Levitik 5:2; 13:45; Travay Apot yo:14; Tit 1:15).

 

PA PWOP (IMPUR)

 

PADON POU PECHE.

Nan Liv ki te ekri ann ebre yo, ekspresyon sa a gen rapò ak sakrifis moun te konn ofri Bondye pou yo ka pwoche bò kote l e pou yo adore l. Sou Lwa Moyiz la, se sitou nan jou Pirifikasyon an moun yo te konn ofri sakrifis sa yo pou yo te rekonsilye ak Bondye malgre peche yo chak te fè e malgre peche tout nasyon an te fè. Sakrifis sa yo te anonse sakrifis Jezi a ki t apral pèmèt limanite jwenn padon pou peche yo yon fwa pou tout, sa ki t apral bay tout moun posiblite pou yo rekonsilye ak Bondye. — Levitik 5:10; 23:28; Ebre 9:12.

 

PADON POU PECHE

 

 

PACHEMEN

Pachemen se po yon mouton, yon kabrit oswa yon bèf yo te prepare pou yo ekri sou yo. Li te dire pi lontan pase papiris e yo te konn itilize l pou yo fè woulo pou Bib la. Li posib pou pachemen Pòl te mande Timote pote pou li yo se te kèk pòsyon nan Liv ki te ekri ann ebre yo. Gen kèk nan woulo yo te jwenn nan Lanmè Mòt la ki te ekri sou pachemen. — 2 Timote 4:13.

 

PA

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre