23 Chapitre 23 : SAKRIFIS. SABA, RIVYE EFRAT

Sakrifis.
Se yon ofrann yon moun ofri Bondye pou l di mèsi, pou l montre li rekonèt li koupab e pou l retounen vin gen bon relasyon ak Bondye. Se depi sou Abèl lèzòm te kòmanse ofri Bondye tout kalite bagay, san wete bèt, jiskaske alyans Lalwa a te fè sa tounen yon obligasyon. Sakrifis bèt yo te vin pa nesesè ankò apre Jezi te fin bay lavi l kòm yon sakrifis ki pafè, byenke kretyen yo kontinye fè lòt kalite sakrifis pou Bondye. — Jen 4:4; Eb 13:15, 16; 1J
SAKRIFIS

Rivyè Efrat.
Se rivyè ki pi long e ki pi enpòtan ki nan sidwès Azi, e li se youn nan de pi gwo rivyè nan Mezopotami. Yo pale de li pou premye fwa nan Jenèz 2:14 kòm youn nan kat rivyè ki te nan jaden Edenn nan. Byen souvan yo rele l “Rivyè a” (Jen 31:21, nòt). Se li ki te limit nò tèritwa Izrayèl la (Jen 15:18; Re 16:12).
RIVYE EFRAT

Saba.
Li soti nan yon mo ebre ki vle di: “repoze; sispann”. Se te setyèm jou nan semèn Juif yo (soti lè solèy la kouche vandredi pou rive lè solèy la kouche samdi). Gen kèk lòt jou fèt nan ane a yo te konn rele saba tou, e se konsa yo te rele 7yèm ane a ak 50yèm ane a. Nan jou saba a, yo pa t dwe fè okenn travay apa sèvis prèt yo te konn fè nan tanp lan. Nan ane saba yo, yo pa t dwe kiltive okenn tè nan peyi a, e Izrayelit yo pa t dwe fè presyon sou okenn Izrayelit parèy yo pou fè yo peye dèt yo. Selon Lalwa, restriksyon Bondye te bay konsènan saba a te rezonab, men, tikras pa tikras, chèf relijye yo te vin ajoute lòt restriksyon sou yo, sa ki te fè l vin difisil anpil pou pèp la respekte restriksyon sa yo nan epòk Jezi a. — Eg 20:8; Le 25:4; Lk 13:14-16; Kl 2:16.

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre