25 Chapitre 25 : SATRAP, SEN, SAKRE, SATAN

SATRAP

Satrap se dirijan oswa gouvènè yon pwovens nan Anpi Babilòn ak nan Anpi Pès. Se wa a ki te konn nome yon satrap kòm dirijan. — Esdras 8:36; Danyel 6:1.

 

SATRAP

 

SEN, SAKRE

Se yon kalite Bondye genyen, yon bagay ki pwòp nèt nan domèn moral e ki apa pou Bondye (Egzod 28:36; 1 Samyel 2:2; Pwoveb 9:10; Izayi 6:3). Lè y ap pale de moun (Egzod 19:6; 2 Wa 4:9), bèt (Nonb 18:17), bagay (Egzod 28:38; 30:25; Levitik 27:14), kote (Egzod 3:5; Izayi 27:13), epòk (Egzod 16:23; Levitik 25:12) ak aktivite moun mennen (Egzod 36:4), mo ebre orijinal la gen sans yon bagay ki apa pou sèvis Bondye, ki pou Bondye sèlman oswa yon bagay yo fè vin sen pou Bondye ki se yon Bondye ki sen. Menm jan an tou, nan Liv ki te ekri an grèk yo, mo lè yo tradui l yo met “sen” pou li a gen sans yon bagay yo met apa pou Bondye. Yo sèvi ak mo sa a tou pou yo pale de yon moun ki gen yon konduit ki pwòp. — Mak 6:20; 2 Korentyen 1; 1Pye 1:15, 16.

 

SEN, SAKRE

 

SATAN.

Satan se yon mo ebre ki vle di: “Opozan”. Nan lang orijinal yo, lè yo met yon atik defini devan l, se de Satan Ledyab, prensipal Advèsè Bondye a, y ap pale. — Job 1:6; Matye 4:1 Apokalips 12:9.

 

SATAN

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre