30 Chapit 30 : OURIM AK TOUMIM, OREB, ONKSYON

OURIM AK TOUMIM.
Se kèk bagay gran prèt la te konn itilize menm jan yo konn sèvi ak bagay yo te konn fè tiraj osò yo yon fason pou l konnen volonte Bondye lè yo bezwen konn sa l panse konsènan kèk kesyon ki gen enpòtans pou tout pèp la. Gran prèt la te konn met Ourim nan ak Toumim nan pòch rad li lè l ap antre nan tabènak la. Sanble yo te sispann sèvi avè yo lè moun peyi Babilòn yo te detwi Jerizalèm. — Egzod 28:30; Nehemi 7:65.
OURIM AK TOUMIM

Orèb; Mòn Orèb.

Se zòn ki gen mòn ki toutotou mòn Sinayi a. Se yon lòt non Mòn Sinayi genyen (Egzod 3:1; Detewonom 5:2).

 

OREB OU MON SINAYI

 

ONKSYON.

ONKSYON

Premye sans mo ebre a genyen se “pase luil sou” oswa “vide luil sou”. Yo te konn pase luil sou yon moun oubyen sou yon bagay pou montre yo chwazi bagay sa a oswa moun sa a pou yon sèvis espesyal. Nan Liv ki te ekri an grèk yo, yo sèvi ak mo sa a tou pou yo pale de vide Bondye vide lespri sen l sou moun li chwazi pou al viv nan syèl la. — Egzod 25:6; 28:41; 1Samyel 16:13; 2 Korentyen 1:21; 1Jan 2:20.

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre