31 Chapit 31 : TALAN, TANP, TAMOUZ, WOZO

TALAN.

TALAN

Talan se pi gwo mezi pwa ak pyès lajan monnen Ebre yo te konn itilize. Li te peze 34,2 kg (75,5 liv). Yon talan grèk te pi piti, li te peze anviwon 20,4 kg (44,8 liv). (1Kwonik 22:14; Matye 18:24.)

 

TANP JERUZALEM NAN

 

TANP.

Tanp se Kay sakre nan Jerizalèm ki te egziste pandan lontan ki te ranplase tabènak la ki li menm te pòtatif. Tanp lan se prensipal kote Izrayelit yo te konn adore Bondye. Se Salomon ki te konstwi premye tanp lan, men moun peyi Babilòn yo te kraze l. Zowobabèl te konstwi dezyèm tanp lan apre Izrayelit yo te sot ann egzil nan Babilòn, e annapre, Ewòd Legran te rekonstwi l. Nan Ekriti yo, souvan yo rele tanp lan “kay Jewova a”. (Esdras 1:3; 6:14, 15; 1Kwonik 29:1; 2Kwonik 2:4; Matye 24:1.)

 

WOZO

 

TAMOUZ

TAMOUZ.

1) Tamouz se te non yon dye. Fi ebre ki te aposta yo te konn kriye pou li nan Jerizalèm. Gen moun ki panse li te yon wa moun te vin adore kòm dye apre l te mouri. Nan tèks simeryen yo, Doumouzi se te non Tamouz, e yo di li te swa mari Inana, deyès fètilite a, swa li te renmen ak Inana (Ichta pou moun peyi Babilòn yo). (Ezekyel 8:14.) 2) Apre Juif yo te sot ann egzil nan peyi Babilòn, se Tamouz ki te non katriyèm mwa nan kalandriye ki baze sou lalin nan yo te konn itilize ki gen rapò ak adorasyon yo bay Bondye a, e se te dizyèm mwa nan kalandriye nòmal Juif yo te genyen an. Mwa sa a kòmanse nan mitan mwa jen pou l fini nan mitan mwa jiyè.

WOZO.

Se yon mo yo itilize pou yo pale de plizyè plant ki konn grandi kote ki gen dlo. Anpil fwa, plant yo pale de li a se Arundo donax (Job 8:11; Izayi 42:3; Matye 27:29; Apokalips 11:1).

WOZO

 

 

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre