32 Chapit 32 : MAJISTRA, MADANM SOU KOTE, LAPENN

MAJISTRA.

MAJISTRA

Anba dominasyon Babilòn, majistra yo se te yon seri fonksyonè piblik ki te nan diferan tèritwa Babilòn yo, ki te konn lalwa byen e ki te gen dwa pou yo aji antanke jij, byenke dwa sa a te limite. Nan tèritwa ki te anba pouvwa Women yo, majistra yo se te fonksyonè ki t ap travay nan gouvènman an. Pami travay yo te gen pou yo fè, yo te dwe fè gen lòd, kontwole ekonomi tèritwa yo, jije moun ki vyole lalwa yo, epi bay lòd pou yo pini moun. — Danyel 2; Travay Apot yo 16:20.

 

MADANM SOU KOTE

 

MADANM SOU KOTE.

Lòt madanm yon gason te genyen, souvan se te yon sèvant. — Egzod 21:8; 2 Samyel 5:13; 1Wa 11:3.

 

LAPENN

 

LAPENN.

Se santiman tristès moun genyen akoz moun pa yo ki mouri, oswa akoz lòt malè ki rive. Nan tan biblik yo, moun yo te konn nan lapenn pou moun pa yo ki mouri pandan yon tan. Yo pa t konn kriye byen fò sèlman, men yo te konn met rad espesyal sou yo, yo te konn met sann sou tèt yo, yo te konn dechire rad yo e yo te konn bat lestomak yo. Pafwa, yo te konn peye moun pou vin rele nan antèman an. — Jenez 23:2; Este 4:3; Apokalips 21:4.

Licence

Icône de la licence Domaine public

Cette oeuvre (LEKOL LABIB CBNDF de campionpierre) n’a aucune restriction de droit d’auteur connue.

Partagez ce livre